Nou se ayisyen Lyrics & Tabs by Klass

Nou se ayisyen

guitar chords lyrics

Klass

Album : Fè'l Vini AvanPlayStop

Se nan solèy la mwen benyen
Lè mwen leve lè maten
Nan lawouze m badijonnen

Mwen fyè ke m se Ayisyen
Rasin mwen plante an Afrik
Yo te mennen ladan kou tibourik
Men zansèt mwen te lite
Pou banm libète ak fyète
Frè m ak sè m pinga n reziye n
An nou chèche konn kisa k bloke n
Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.
Pran almanak ann chèch'on dat
Nou bezwen yon lòt milwisankat
Zansèt nou yo te fè li deja

Pran almanak ann chèch'on dat
Nou bezwen yon lòt milwisankat
Zansèt nou yo te fè li deja
Li nesesè pou n refè l jodi a!
Yo kolonize n plizyè fwa
Sou yo nou toujou jwenn viktwa
Nou se yon pèp ki gen listwa
Nou se yon pakèt grenn ak bwa.
Lè pitit mwen mande m papa
Kiyès mwen ye? Mwen gade li nan je
Ak ponyet mwen konsantre
Mwen di l, "Cherie se Ayisyen w ye!"
Frè m ak sè m pinga n reziye n!
An nou chèche konn kisa k bloke n!
Se vre chenn lan te soti nan pye n
Men nou toujou esklav nan panse n.
Pran almanak ann chèch'on dat!
Nou bezwen yon lòt milwisankat!
Zansèt nou yo te fè li deja!
Li nesesè pou n refè l jodi a!
Ayisyen!
Nou se yon sel ras
Yon sel Klass!
Sa nou ye?
Nou se fanmi!
Se sa wi!
Yo kolonize nou plizye fwa
boure sèvo n ak fatra
Fè n dezakòde!
Sa fè nou diveje!
Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!
Toujou toujou sonje!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Si yo kolonize nou plizye fwa
Boure sèvo n ak fatra
Pou n dezakòde!
Sa fè nou diveje!
Men pi vit nou rive aksepte sa
Se pi vit nou pral ka chanje sa
Ann ale!
Toujou toujou sonje!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou pa vle sa chanje!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Pa bliye lè chay soti sou tèt li tonbe sou zepòl!
Yon sel ras mezanmi!
Yon sel Klass!
Sa nou ye?
Nou se fanmi!
Klass it is baby!
Se fyète nou!
Chante! Chante!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou se Ayisyen!
Sa pap chanje!
Nou fyè nou se Ayisyen!
Nou se Ayisyen!
Se sa nou ye!
Nou fyè no

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0079 sec