Gad'on Rev Lyrics & Tabs by Wanito

Gad'on Rev

guitar chords lyrics

Wanito

Album : Biyografi MwenPlayStop

Stella#1
GAD'ON REV
1

Non! Non! … Non! Non! Yé … Non! Non
Machan'n konbyen vann bèso
Mwen pral papa trè byento
Nouvèl sa fè tansyon monté byen ro
Map mennen yon vi chomeko
Bagay sa rèd ooo …
M' sot konpozé nan filo
Tout pwojet tonbé nan dlo
Talé m' gen yon fanm ki pral kagé sou do
Mwen obligé repansé bagay yo
M'pa kon sa mwen pral di manman
Pou vagabon li pral pranm

Mwen obligé repansé bagay yo
M'pa kon sa mwen pral di manman
Pou vagabon li pral pranm
Se nan fanm m'pasé tanm
Li pa pè pou li kasé danm e lap meté deyò
Pa menn bezwen pèdi tanm
Tout zanmim yo la
Mwen wè yo tout la
yo tout kandida ye ye (bis)
Wanito m vlé parenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm parenn
Wanito banm marenn
Tanpri, tanpri, tanpri banm marenn
2
Mal kay ma tant Locita
Li abité Delmas 33
Lè mwen di'l sa li gentan fè wondoumon
Sim gen fanm gòs se afèm ki bon
Kouri te travèse lari a
Telman mwen te santim têt anba
Machin nan klasoném se pa pou mwen sa
Telman owen tap pansé ak bebe a
Wè manmanl métél deyò
M'al avèl andeyò
Pou n'al chaché lavi miyò
lè'm rive yo banm manchèt
Yon kabann kat pikèt
Yon chanm kay ki san fenèt
Tifi a tombé kriyé
Lap gadé'm kap seklé
Jadenm mayo map tranté
Soley cho kòm map piké'm
Foumi tombé mòdé'm
Pa gen zanmi pou edé'm
Se lè sa li di'l gen tranché
Sou fèy bwa li kouché
Se la li pral akouché
M'te men nan têt map relé
Se lè sa mwen reveyé
Se nan dòmi ‘m te yeeee
ou oh! ou oh!
3
Gad'on rèv ti mesyé
Sa se yon kochema ti mesyé
Le'm mwen reveyé
mwen delivré ti mesyé! ti mesyé! ti mesye! ti mesyé
Gad'on modèl kochema ti mesye
Se nan dòmi te ye ti misye
Gras a Dieu m' reveyé ti mesyé! ti mesyé! ti mesyé
Tout zanmim yo te la
Mwen wè yo tout la
Yo tout kandida (bis)
Wanito m vle parenn
Tanpri! tanpri! tanpri banm parenn
Wanito m vle marenn
Tanpri! tanpri! tanpri bann marenn
4
Gras a Dieu sa pa rivé
M' poto prè pou'm gen pitit tandé
Lè ma gen posibilité mwen pa pè pou'm gen yon piti tandé
Mwen pa gen tèt chajé
okontrè map feté
Tout zanmim invité
Sa pral relém sou koté
Kilè lap batizé
Fiyèl se pou mwen li ye ye
Wanito m vle Parenn
Map di pa gen problèm ou mèt pran parenn
Wanito m vle marenn
Map di pa gen problem ou mèt pran marenn zanmi mwen (bis)

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0071 sec