Detripay Lyrics & Tabs by BélO

Detripay

guitar chords lyrics

BélO

Album : Natif natalPlayStop

Kloutoup, Kloutap, Miwo Miba Klopi, klopan, nou tèt anba Nap tatonnen, Je'n nan fè Nwaaa (ye) Nap monte mòn sou Janm de bwa Anye, Anye, Anaaaannn, non non non Lanvè, Landrèt, douvan dèyè rèv Depaman twokèt Malè Kazak ranyon karakosal kolèt Debraye jwèt bosal On kout Kleren nou an Zig zag Lavi yon pèp tounen yon blag Pètigren petèt Maryela poto san fil Jwenn Madigra Li anòmal men li nòmal Yon lamayak nan kanaval On kadejak sou yon pope Twal Yon pi detwal lan plas Zetwal (AaaanHanaanny, Anyanyanyey, aananananyyyy :) Kloutoup Kloutap Miwo Miba Klopi klopan nou tèt anba Nap tatonnen Je'n nan fè Nwa, (ye) Nap monte mòn sou Janm de bwa Tifi Douzan kap fè twotwa Anfans yo make ak Kout Ba Yon ti Flè ki pandye lan kochma Kap bouske lavi nan Fatra Timoun kap Drive nan Lari On kòk poko menm Finn Grandi Kap vann plezi pran Maladi Kase lèzo anba galri Fòn Ta ekri sa nan Listwa Doulèk nan ren Mache anba a Inosans vann nan bak lavil Barèt, Riban, u poupe Fil (Ananaannyèyyy) Gade dezòd nan lakou wa (Mezanmil pa nòmal) Pwoblèm nan lakou wa (Mezanmil pa nòmal) Gade Dezòd nan lakou wa (Mezanmil pa nòmal) Pwoblèm nan lakoum nan (Mezanmil pa nòmal) Li pa nòmal, Ii pa nòmal, Li pa nòmal Li Pa nòmal, Li pa nòmal, li pa nòmal Li pa nòmal Men pwoblem yo la, yo la, yo la, Pwoblèm yo mare pyè'n Pwoblèm yo prechén Lyric by Lojik Rébèl


More tracks of "BélO"

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0051 sec