Tounen Lyrics & Tabs by Zin

Tounen

guitar chords lyrics

Zin

Album : Konpa Gold, Vol. 5 leipzig PlayStop

Stella #1
Tounen
Pou jan nou te renmen

Nou pa t' dwe janm kite
Nou pa t' dwe janm separe
Lanmou n'pa t' dwe janm fennen
Nou te fe kont se vre
Nou te mare fache
Men le m'te di ou met ale
Se pat sa m'te vle
1
Toune nan vi mwen
Tounen vin jwenn mwen
Tounen kote mwen
Tounen ave mwen

Tounen vin jwenn mwen
Tounen kote mwen
Tounen ave mwen
Mwen pa t' vle kwe se vre
M'pa t' vle kwe ou ale
M'konprann se jwe ou t'ap jwe
Ou t'ap fe lago kache
Poutab ou te gen tan lwen
Gen tan sou yon lot chimen
Kisa pou m'fe pou ou retounen
Tounen jwenn mwen
1
Malgre tout tan k' pase
Mwen vle n' rekonsilye
San ou ke mwen mare
Tankou le lapli pral tonbe
An nou rekomanse
Tout bagay ap chanje
An verite an verite
Se ou mwen vle
1
Batri mwen dechaje
Mote m' pa derape
Le m' san ou cheri
Ban m' bouste pou m' pati
Pou m' repren chimen lavi
Pou m' pa peri
Lonje m' lamen
Pou m' gen yon demen
M'pa ka viv san ou
Doudou doudou doudou...

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0095 sec