Terapi (Summer Mix) Lyrics & Tabs by Barikad Crew

Terapi (Summer Mix)

guitar chords lyrics

Barikad Crew

Album : Plezikanaval 2014 (Remix)PlayStop

Are u ready?… I said are u ready?…(BC!) Pou'n chase stress nou, problem lavia BC konn doulè nou, men Terapi a Nou pote frap, nou pote vibe ki pou reveye'w (wi!) Souke tchatcha, woule kata nou vin degrese'w (wi!) Evite fatra, li pa trò ta, pou'l pa nwi sante'w (wi!) Evite traka, met kapòt la lè'w pral defoule'w (wi!) Leve, leve men'w. Frape frape men'w (Ow!) Bouje, bouje ren'w, Pou doulè pa jennen'w Nap kapote'l adwat (Kow!) nap kapote'l agoch (Kow!) Woy men barikad, vin geri tout malad (Yow!) Nap ba'w bon jan plezi, chase melankoli Menm siw gen maladi, nap f'on jan pou'w geri Malgre tout trajedi, ayiti pa ka peri Nou pa pwomèt ou paradi Wa pran BC kòm Terapi Terapiii, Terapiiii Terapiii pou Ayiti… Ayiti pa ka peri Nou pa pwomet ou paradi Wa pran BC kòm Terapi Mwen pa konprann peyi a telman moral moun yo bese Lè pèp la vle kanpe, g'on lawon goch kap di yo bese Jèn yo pedi kontwòl yo tèlman tout moun ap viv strese Ayiti se pou nou, fò'n met ansanm pou li pa blese Lè'n f'on tcheke sou fan yo, yo di nou sèvo yo ba ba Kounya BC lage, s'on sel bagay tout moun se pla pla Vandredi, samdi, dimanch genyen kap soufri. Lendi m pap kite'n peri, madi vin nan TeRaPi (Excusez-moi!) Zo fè mal, doulè nan ren, problèm nan brain Bezwen yon terapi, mesye fè mouvman, medam bwè grenn Sa ki two gwo nou pa ka vale, na souse li Nèg ki pa ka mache yon bon prochen va jouke li (paske) Mwen menm Bricks m pran echèk, m jere tèt mwen Le'm tonbe m leve, m pran plis level apre defèt mw M wè, gen neg ki pran feeling lè yap fel ak ponyèt yo Konsa gen fi ki pi renmen lè lòt fanm souke tèt yo Pou problem mw gen nan dan'm se yon trètman pou'm jwenn *Ban'm Terapi'm, sel BC'k pou geri'm. (Woy, woy, anmwey, tonerr manrajee) M santi On doulè nan zo m santi On doulè nan do M santi On doulè sou po'm Li rive jouk nan sèvo'm M santi On doulè nan bra'm Doulè sa vin pou fann fwa'm Pou problèm mw gen nan tèt mwen s'on bon trètman pou'm jwenn. Woy ban'm Terapi'm, sel BC'k pou geri'm (Woy, anmwey, tonerrr, manrajee) Men Barikad la Gwoup yo pa ka tag la Gwoup yo malad la Mwen diw leve sou kab la (Tonnè boule'm) To the left, to the right To the back, to the front Jump jump jump jump jump! Energy!!! Ban'm Terapi'm, sèl BC'k pou geri'm (X) (Jump, jump jump, jump, jump jump…) Eeeenergy!!! (Bridge) Yo tonbe chèche Majori Poutan'l gaye nan bann (BC!) Premye jou li danse kont li Nan demen mennen'l grann lan (Manti!) Manmi papi di'l pap f'on pa, met siveyans sou chanm nan (Evreee!) Pandanl te gentan nan lari, zòrye'l te sou kabann nan (L'al nan Terapi!) Li met men dwat anlè (Anlè!) li ouvè bò dwat la (Dwat!) Li met men goch anlè (Anlè!) Li ouvè bò goch la (Goch!) Li pike devan'l (Zobodop Zobodop!) Li pike devanl (Zobodop Zobodop!) Li pike devan'l (Zobodop Zobodop!) Awoyo, awoyoo (bis) Si'm pat gen Barikad mezanmi M tap pran nan tout vye maladi, Woy! Prezidan bezwen terapi Paleman bezwen terapi Etidyan bezwen terapi Atizan bezwen terapi Ou Ho-O-oo (Siw gen doulè, ou santiw gen kò fè mal) I ye-E-ee (Barikad crew sa s'on lopital) Ou Ho-O-oo (Ipapkreyòl sa fenomenal) I ye-E-ee (Gonaïves ann ale!) Tout paran, potestan, katolik, alkolik, lapolis, lajistis Tout minis, jounalis, prizonye, malere, kokobe, zotobre. Tout ayiti an antye malad, nou bzwen terapi! Anseyan bezwen terapi Komèsan bezwen terapi Peyizan Bezwen terapi Vodouyizan Bezwen terapi Ou Ho-O-oo (Siw gen doulè, ou santiw gen kò fè mal) I ye-E-ee (Barikad crew sa s'on lopital) Ou Ho-O-oo (Ipapkreyòl sa fenomenal) I ye-E-ee (Gad'on anbyans total) Turn up, turn up, turn up! Burn up, burn up, burn up! Handz up, handz, handz up! Jump up, jump up, jump up! Barikad sa! (S'on tretman!) Mizik sa! (Clean tenpan!) Ipapkreyol sa! (Gwo mouvman!) Nasyon sa! (Bezwen devlòpman!) (Poze! Saj! Poze! Trè Saj! Yo hype, ole! Ole! Kazino beatz, Chofe! MmixX, Chofe! Maestro! Ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe, ponpe! Ou wo-O-oo (Antasyon maladi!) I ye-E ee (Veye chalatan!) Ou wo-O-oo (Bann solda rabi!) I ye-E eee (Minista anemi!) Le'w vin nan BC, wap fè terapi Tout bagay desann, manzè pa tifi Lè li wè zouti, li tonbe souri Iii ii ii-ii ii (Haaaahaa) (Izo) Met BonDye nan nan'm ou. Ii-ii ii-ii (Brital) Sispann tronpe madanm ou. Ii-ii ii-ii (Bricks) Pa bay jwe nan janm ou. Ii-ii ii-ii Tèt kole pou Ayiti pi djanm!! M pa konn doulè'w! Ou pa gen T sa nan tas oo! Ti Sizons!


Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0072 sec