Pitit deyo Lyrics & Tabs by Klass

Pitit deyo

guitar chords lyrics

Klass

Album : Fè'l Vini AvanPlayStop

Depi leu mwen te tou piti
Mwen toujou konn ap siveye kileu papam ap rantre
Leu vinn grandi, mwen gen lespri

Se leu sa map reyalize papam se mesye marye
Chak fwa pou'n rankontre, se nan kache, se nan sere
Se toujou avèk dlo nan je
Chak fwa pou'n rankontre, se nan kache, se nan sere
Paske mwen se pitit deyo
Pitit deyò, pitit deyò…
Mwen di hey
M pa vle moun konprann map vinn defann vagabon
Se pa ke m' pa konn papa
M' pa gen rezon
Men kisa m'fè pou'm mande padon
Madan marye voye pye

M' pa gen rezon
Men kisa m'fè pou'm mande padon
Madan marye voye pye
Se tout dwa'l men'l pa panse
Mwen pat mande pou'm egziste
Papa'm vle supòte'm
Men madanm li opoze
I know why!
Paske mwen se pitit deyò
Ah, aah!
Klass it is baby, yes it is baby!
Nickson! Aya man!
Mwen konnen papa'm an tò
Paske'm se pitit deyò
Madan marye!
Tanpri ban'm yon ti chans
Se pa mwen kite mande fèt
E'm pa kwè papa'm regrèt
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Oh! se pa yon bagay ki fasil
Yon fwaye k' pa ekilibre
Manman'm pase mizè anpil
Dèfwa li gade'm li tonbe kriye
Kesyon mwen gen pou ou madanm
Kijan'w tap santi'w nan plas mw?
Eske'w patap soufri?
Ou pa tap jemi?
Banm yon ti chans tanpri
Mwen konnen papa'm an tò
Paske'm se pitit deyò
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Se pa mwen kite mande fèt
E'm pa kwè papa'm regrèt
Madan marye!
Tanpri banm yon ti chans
Oh! Se pa yon bagay ki fasil
Yon fwaye ki pa ekilibre
Manman'm pase mizè anpil
Dèfwa li gade'm li tonbe kriye
Le mal est déjà fait madanm
Kijan'w tap santi'w nan plas mwen
Eske'w pa tap soufri?
Ou pa tap jemi?
Banm yon ti chans tanpri
Gen madan marye ki pa konsa!
Mwen di woy! woy! woy!
Gade mizè mwen!
Mwen di woy! woy! woy!
Gade touman mw!
Mwen di woy! woy! woy!
Epi tout moun repete sa konsa
Peyi'm gen yon bann moun konsa ladann
Gen yon pakèt pitit deyò ladann
Gen yon bann timoun san papa ladann
Sa pa ladann, sa pa ladann (bis)
M di li pa bon, li pa bon
Sa pa bon, li pa bon
M'di li pa bon, li pa bon
Bagay sa pa bon, li pa bon(you know why)

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0095 sec