Yon Ti Kalkil Lyrics & Tabs by BIC

Yon Ti Kalkil

guitar chords lyrics

BIC

Album : Kreyol Chante, Kreyol Konprann goa PlayStop

2×6 12, je pose 2 et je retiens 1
1+7 6, 6-4. 2 et 5 7. 7-1 6. 6+12
Konbyen kadav pou nou genyen pou gran simityè

ranpli
Konbyen bokit pou nou genyen ki ka jere dlo lapli
Konbyen pati politik ki oblije nan yon pati
Konbyen nan nou k'ap etidye pou nou ka al grate
santi
Konbyen nan nou kap ekri règ ki deregle
Konbyen alkali twa degout ke nou degoute
Konbyen souflantyou ki bouke di nou pap janm anyen
Konbyen kawotchou an tou ki te bay pèlebren
Konbyen chofè tèt mato nou bay mennen nou déjà
Konbyen fwa yon bann malpwòpte yo di nou se ja
Konbyen bè pou nou genyen pou-n bere mouche entèl

Konbyen chofè tèt mato nou bay mennen nou déjà
Konbyen fwa yon bann malpwòpte yo di nou se ja
Konbyen bè pou nou genyen pou-n bere mouche entèl
Pou-l ka ban ou degaje pou pitit nou goute sèl
{refrain}
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Avan n' jwenn konbyen sèvèl ki boule
Nan reflechi kràn tèt ki koule
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Jenn gason ak fanm ki espere
La vi miyò avan yo espire
Konbyen nan nou ki nan twò prese kase tèt zòtèy
Konbyen nan nou ki bwè men ki pa respekte boutèy
Konbyen nan nou ki te kwè zòt t'ap retire nou nan
won
Men se kòmsi nou te pran medsin sou kont pentad
mawon
Konbyen papa ki pa ka gade pitit yo nan je
Paske yo te sove, manman akouche nan raje
Konbyen achiv natyonal ki ka bay nou tout papye
Konbyen patrimwàn natyonal yo foule anba pye
Konbyen kretyen jodi a ki prè pou-l mouri pou Jezi
Si yon moun te leve men-l an verite m' t'ap sezi
Konbyen moun an Ayiti k'ap touche pa kenzèn
Konbyen lòt ki manke 11 pou-l gen yon douzèn
Konbyen ti nèg ki te panse lè-l gran l' t'ap grannèg
Konbyen grannèg pou-m blennde k' pou ban-m yon
bon nèg
Ça ne va pas, konbyen zewo pou-m mete o kosyan
Avan m' jwenn 2-3 Ayisyen ki konsyan
{Refrain}
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Avan n' jwenn konbyen sèvèl ki boule
Nan reflechi kràn tèt ki koule
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Jenn gason ak fanm ki espere
La vi miyò avan yo espire
{bridge}
Tizon dife a di twòp moun nan peyi sa k'ap mache
bwete
Twòp moun nan peyi sa k'ap mande prete
Twòp moun nan peyi sa nou ta dwe fwete
Twòp bagay nou fè jodi a ke demen nou ka regrete
Twòp moun ki pa tad we sou moun
Twòp moun ki pa sanble ak moun
Twòp tonbe leve,
Twòp jèn k'ap flote anlè tankou-w ti lape
Mezanmi tande
Nou ka kalkile ak plim
Nou ka kalkile san plim
Nou ka kalkile sou tèt dwèt
Nou ka kalkile a kalkilatris
Men evite fo kalkil
{refrain}
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Avan n' jwenn konbyen sèvèl ki boule
Nan reflechi kràn tèt ki koule
Konbyen kalkile pou kalkile pou n kalkile
Jenn gason ak fanm ki espere
La vi miyò avan yo espire

Like us on Facebook.....
-> Loading Time :0.0071 sec